par Emmanuel Eugene
L’ Empereur Jean-Jacques Dessalines
Jodijou, souvnans k’ape monte nan tèt-mwen, se ti joudlan nan lari, abiye tou nèf, ki prale swete marenn, parenn larezone. Pi jenn ki prale chache zetrèn ak benediksyon gran paran. Likè, kremas, bweson, gato, bri mizikasyon tradisyonèl nan radyo, Bòl soup vwazinay k’ape twoke papòt. Masuife sou Channmas, latrètoflanbo, defile militè, parad timoun lekòl, ak ti drapo nasyonal nan men, k’ape mache opa. Oswa bikolò bleyewouj la k’ape flopte sou tèt biwo Leta… Yon larèl anviviv ak yon koulè lakansyèl k’ape monte. Yon espwa asire k’ape defile nan tout lari. Yon vre fèt pou tout moun, tout gwoup, nan tout katye, tout ran sosyal. Yon gwo fèt Nasyonal. Sa fè déjà two lontan !
Sa fè lontan depi yonn ape swete lòt bòn ane, pou tann yon demen miyò. Men chak jou ki ale, ki pase, chak ane ki rive, ki vini, se kòmkidire n’ape anfouraye piplis, n ’ape rantre pi fon nan malsite-nou, nan yon gwo mizèrere Nasyonal. Men, se kisa ki rete nan tousa ? Se ki sans fèt sa a genyen, jodijou, pou nou ayisyen ?
Epi vwala, 210 an apre, nou chita la an jevandèzakredi, sou pil fatra, ape tann chans-nou k’ape pase solèy. Epi tan ale, tan vini jwenn-nou nan menm plas la k’ape patinen nan salte, nan saltenbank chirepit. Dechire nan tout sòt diskisyon, nan tout kalte divizyon : politik, jidisyè, sosyal, relijye… jiskasake goudou goudou tranblemanntè 12 janvye 2010 la vare sou nou, anglouti anba mazi, anfale anba pil dekonm tousa ki te rete-nou kòm sèl branch lespwa.
Pandanstan Site Solèy, Gran Belè, Site Letènèl… ape trimen pi di, pi mal anba lakras, jouk tout Kapital la menase pou tounen yon gwo mache toulouvri. Divize pou renye, gouvènman an, pou fè sanblan li pa konprann, oubyen pou kache enkonpetans-li, tonbe pentire Jalouzi, yon lòt bidonvil nan Petyonvil. Kòmkidire tòn penti kapab fè bliye grangou. Kòmkwa koulè penti kapab kache lamizè k’ape grandi. Tankou sant penti kapab gade divize lontan de gwoup sosyal k’ape sibi menm eksplwatasyon an. Epi vwala, sanzatann, dènye brik malè pandye a sot tonbe sou tèt-nou. Plis pase 250 mil dominiken, desandan ayisyen yo retire nasyonalite, menase ekspilsyon, pou voye yo tounen an Ayiti.
San nou pa rann-nou kont, dejou anjou, n’ape pèdi sans ti kote lafanmi, rasanblè a, nou bliye senbolik joudlan an, ti karaktè padon, rekonsilyasyon an. Nou pase akote Fèt Endepans-lan. Pase anba pye sa ki fè fyète-nou, kòm premye peyi nwa lib, endepan. Diyite-nou kòm premye pèp esklav ki bati yon peyi. Yon pèp nèg ki te rive limen flanbo libète, nan kraze yon sistèm esklavaj. Yon ti peyi tou piti, men ki rive kreye yon nouvèl sivilizasyon panse ak pwòp lanng-li, pwòp relijyon-li. Wi ! Vwala, piti piti, n’ape bliye tousa.
Pa ekzanp, pandan yon ti gwoup ape debat madebat pou fè respekte yonn nan ekzijans Konyitisyon an, nan mete soupye Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an, yon lòt gwoup ape bòykote Lwa fondamantal pou ekzistans Akademi Kreyòl la. Kouman nou kapab esplike yon sityasyon malouk konsa ? Se kisa, se kilès ki mennen-nou la a, ki responsab dezenteresman sa a ? Pouki oubyen kijan nou fè ape bliye wòl avangadis-nou nan listwa limanite ? Se kilè nou va resezi-nou pou nou kapab kontinye yon sous enpirasyon pou lòt pèp sou latè, lòt nasyon k’ape chache tèt-yo ?
Pou nou Ayisyen, fèt nouvèlan an se yon souvnans pou raple-nou kouman nou te chanje fasad lemonn antye. Fèt Endepandans Nasyonal la se yon sous enspirasyon nou dwe kontinye pataje ansanm, nan boukante bòl soup jiwoumou an chak ane a. Pousa, annou kontinye bati devni peyi a. Annou patisipe nan kreyasyon patri-nou. Nan jounen larezone sa a, annou kontinye gade lespri selebrasyon Jou Endepandans Nasyonal la. Paske se nan lejann-li yon pèp enspire pou li grandi.
Ayiti bezwen sa, li depann de nou. Alòs, mwen swete nou tout yon bèl fèt Endepandans, nan lapè, nan diyite
Pou yon Kreyolizay,
Manno Ejèn
Powèt, nouvelis, eseyis
Fondatè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK)
Manm fondatè Sosyete Koukouy, seksyon Kanada
Reprezantan Pawòl Kreyòl, Revi literè Sosyete Koukouy
Tel: (509) 48-53-0537